Cap-Haïtien and Milot are perhaps what come to mind first when thinking about "historical Haiti," and it will be interesting to see how the renovations to the Citadelle and the promise of a new road change things.  However, Labadie, Quartier Morin, and the forts within Cap itself deserve note. 

Nan rejyon sa a, m’ap chache: Fò des Dames(Okap); pyè tonb jwif (Okap); L’Hopital des Peres de la Charite? (Cap-Haïtien); Fò Pierre Michel (pati kay fanmi Shutt) (Okay); nan liv 1871: toujou gen sous Okap?: Champ de Mars, Place d’Armes, Place Montarcher, Place Royale, Place Saint-Victor, Place Cluny?  Palè Gouvènè a?; simityè La Fossette, premye simityè ofisyèl (deyo Okap); debri Marchegal (deyo Cap-Haïtien); Ramiers (nan sid Citadelle); Bitasyon Desglaireaux (Quartier Morin); Bitasyon Galifet (Katye Moren); Fort Selon (Grann Rivyè dinò); Fò Neuf (Grann Rivyè dinò); Fò Capois (ant Grann Rivyè dinò); Fò Rivière (nan no-lès St. Raphael); Basin St. Jacques (Plen dinò); Bitasyon Narples (Plen dinò); Bitasyon de Mezy (Bwa Kayiman) (Mòn Wouj); Fò Bourgeois (ant Labadi ak Okap); Fò Garien and Fò Salnave (Valyè—nan sid-lès Grann Rivyè dinò); izin ronm deyo mi Sans-Souci (Milo); Bitasyon Dufresne (Lenbe); atizay wòch nan l’Inde à Camp Coq (Vallée du Lenbe); Fò Bongars (Lenbe); Voûte à Minguet (Dondon); Capois la Mort moniman (Limonad); Bitasyon Montholon—sit Puerto Real  (Bord-de-Mer-de-Limonade); Legliz Saint Anne de Limonad; Bitasyon Butler (Limonad).


Klike anba a pou foto Okap yo ak fò lokal


Klike pou foto Milo yo ak foto Sans Souci ak La Citadelle Laferrière.


Labadi

Labadi se ti vilaj pechè ki nan lwès Kap Ayisyen an ke anpil moun konnen tankou anplasman kote Royal Carribean nan fè eskal. Sou tè sa ke bato kwazyè sa a prete a, gen anpil sit istorik ke yo montre gras a yon vizit istorik. Gen kèk bagay istorik ki gaye bò otel Cormier Plage la, ak sou tout vil Labadi ak tout kote Norm ye a. Yon bèl sit se Fò Belli ki sou tèt yon ti mòn ki nan pati sid Norm. Se mwen ki pran pifò foto yo avèk kèk ke Curtis Rogers fè.


Katye Moren

Bitasyon Detreuille chita sou yon ale ki gen pyebwa kòm twotwa, sou wout ki mennen sou Bitasyon Duplat nan Katye Moren nan zòn ès Okap. “Travay se bonèm” se yon mesaj ki kriyèl e ki dwòl ke yo ekri sou poto ki nan zòn sid ansyen plantasyon kann sa a. Ou ka jwenn anpil enfòmasyon sou Bitasyon sa ak lòt Bitasyon tou nan atik sa a ke depatman byen eritaj gouvènman Franse a ekri. Lòt sit la se Lovana nan wòch ki popilè akoz de lwa ki rele Lovana a, ke yo reprezante ak yon pakèt pwason an ajan ke yo lage nan yon basen dlo; lèm tap vizite a, yo te dim ke se te Bitasyon Duplat, men mwen li tou yon kote ke yo di ke se Bitasyon Dupuy. Pwason sa yo ki swadizan met zanno, ka fè tout sa moun ki bezwen yo vin mandel. Lèm tal vizite a, yo dim ke sèvitè vini 2 fwa pa semèn epi gen yon fèt chak ane le 27 Septanm. Bitasyon sa a (ke Moreau de St Méry rele « Bitasyon Duplaa » nan lane 1789) te parèt nan atik sa tou ke menm gouvènman Franse a te ekri. Bitasyon an chaje ak Vèvè ak lòt desen ke yo fè pou lwa a. Daprè abitan zòn nan, tinèl ke yo montre a te dwe sèvi yon wout pou kolon yo te sove paske Revolisyon an tap pwoche (lòt pwent tinèl te a kenpòt 50 pye de tèt la) ; men li la pwobleman pou dlo.


Îsle La Rat

Curtis Rogers te byen kontan ban mwen foto sa yo kel te fè. La Rat, ke Christophe Colomb te rele « Isla Amiga » (zile zanmitay), se youn nan anpil sit touristik ki anba tè Dayiti ke moun dwe konnen. Mwen tande ke yo piye sit sa yo sou tout bò lanmè a, sa vle di ke anpil nan yo ap disparèt la. Silvouplè, voye foto tout sit istorik sa yo ki anba lanmè a si ou genyen yo.