Sou

Yon ti mo sou pwojè a: Pwojè sa kòmanse tankou yon anrejistreman vizyèl de debri konstriksyon epòk kolonyal yo ak debri premye konstriksyon nasyonal yo an Ayiti (1830 et anvan), men pwojè a vin gen plis fòs kounya. Pa egzanp, mwen mete lot stil achitekti tankou sa yo rele “stil gingerbread” la ak achitekti Pòtoprens, Kap Ayisyen, Jakmèl ki lontan pi resan. Mwen mete sit ki marye enterè akewolojik ak enterè istorik tankou ti pil kokiyaj ki sou  Ile à Vache la, ak gwòt Konoubwa ki nan Kanperen. Mwen eseye konekte enfòmasyon mwen jwenn yo ak enfòmasyon ki sou entènèt. Klike sou Resous pi ba a, ak paj entènèt pou nou jwenn kèk konsèy. Etikèt ki anlè yo ki make Anplasman yo selon rejyon yo ak sa ki make Anplasman yo selon jan yo fèt ap fè nou wè foto sou tout Ayiti.

Cédric Delmy fè tradiksyon an kreyòl (mesi anpil!). Tout erè ki genyen se mwen ki fè yo.

Voye foto: 

Map chèche foto anpil lòt sit touristik ankò e map twò kontan jwenn patisipasyon nou (tout foto nou voye yo dwe gen non nou-sinon, se mwen ki fè tout foto yo). Chak paj akèy yon rejyon gen lis sit touristik pal, men gen anpil anplasman ke mwen poko konnen. Klike sou Sit touristik/mwen bezwen foto pou nou ka gade lis ki la a jiskaprezan. Ale anba paj sa a pouw ka enskri pouw jwenn chanjman kap fèt yo.

Kontaktem (Stephanie Curci) :

scurci@hotmail.com

Resous:

Travay mwen sou pwojè sa a (klike pouw ka li dokiman PDF lan):

Journal of Haitian studies article

Sit touristik sa yo se sit ki enspire/konfime/etc.  Mwen mete sa mwen panse ki pi itil yo.

Kèlke tèks mwen panse ki itil anpil:

  • Atlas Côtier du Nord-Est d’Haiti, Ministère de la Culture (Haiti)

  • Avengers of the New World, Laurent Dubois

  • The Black Jacobins, C.L.R. James

  • Bonjour Blanc, Ian Thompson

  • Dictionnaire de la Révolution Haitienne, Francois Roc

  • Le Livre Blanc. Ministère de la Planification et de la Cooperation Externe. 1997 (The link I used no longer works. This plan lists cultural/historical/tourist sites by region. If you find a new link to this plan, please let me know).

  • Haiti: Portrait d’un Pays, Daniel Kedar (and anything else by Daniel Kedar)

  • Silencing the Past, Michel-Rolph Trouillot