REJYON PÒTOPRENS (LWÈS)

The Western department is dominated by Port-au-Prince, which contains so much of interest that I've divided it up and have put some of it in the Cote des Arcadins section and some in the Nippes/SW of Ouest section. 

Nan rejyon sa a, m'ap chache: legliz St. Louis de Gonzague (PAP), Mache Fè—(vye ak nouvo renovasyon) (PAP), Tombe d’Ennery ak lòt tonb istorik nan Legliz Saint-Anne (PAP),  sant vil PAP avan tranbleman tè a, Sous Zabeth (Bonnet, tou pre Kwadèbouke).


Achitekti Pòtoprens

Pifò foto sa yo na komonsman te fèt anvan tranbleman de tè a. Kòm mwen toujou desann Pako nan Otèl Oloffson epi kòm mwen pi renmen « stil gingerbread » la, se foto sa yo ki plis genyen. Fon Mondyal pou Moniman yo mete sit istorik sa yo sou lis moniman ki an preske disparèt epi ki bezwen reparasyon. Yap gade kay ki Jakmèl yo tou. Sit entènèt yo a ke yo fè sou kay yo, gen yon ti rapò de ISPAN sou travay tèt kole ke yap fè a. Mwen ta byen renmen ke li gen foto plis kay… Rapò #6, #11, #24, #32, and #34 konsantre na <<stil gingerbread>> an patikilye. FOKAL/WMF kolaborasyon sa a avek youn nan estidyo achitekti Columbia inivèsite a nan 2016 se ekselan.


Katedral Saint-Trinité

Mwen fè foto sa yo an Jen 2009, grenn fwa mwen te vizite Katedral Episkopal la. Lè sa mwen te prese paske solèy la ta pral kouche; kounya mwen regrèt paske tranbleman de tè a te vin krazel nan 7 mwa. Mwen ke yap repare rès mi ki rete yo paske se te youn nan priyorite moun ki te vle kenbe kilti nou an apre tranbleman an. Katedral la te fèt nan kòmansman lane 1950 yo sou direksyon chèf Centre d’Art lan; li gen travay yon pakèt atis nan tan sa a epi yo konsiderel tankou yon trezò nasyonal.


Fò Jak ak Fò Alexandre

Fò sa yo ki nan Fèmat fè pati de latriye fò ke Desalin te mande pou yo te konstwi sou tout mòn Ayiti yo. Mwen pa gen bèl foto anvan tranbleman de tè a, men sa m mete la yo se foto mwa Daou 2010. Mwen tap li nan yon rapò ISPAN (#7) ke reparasyon Fò Jak la, ki pi kraze nan yo tout, tap avanse seryezman. Rapò ISPAN yo #9 ak #26 montre destriksyon an ak rekonstriksyon an.


Bitasyon Karade

Bandi ke yo rele Jan-Batis Karade a te fonde Konpani Afriken yo ki tap fòse esklav yo goumen kont parèy yo ki te nan Revolisyon an nan zòn Cul-de-sac la. Li te retounen an Frans epi li mouri lòtbò a. La nap jwenn sistèm kanalizasyon an, mapou a avèk poto ki mare ansanm yo. Abitan zòn nan te di nou ke anvan wout lan te vin fèt (pou ansyen batiman UN yo), te gen tinèl tout kote nèt anba poto sa yo ki bloke depi lè sa a. Yo di ke anplasman sa yo sou wout Taba a toujou gen kan sinistre (ete 2012).


Pak Canne à Sucre

Pak Canne à sucre ki sou Taba a, fèt sitou sou sou rès Bitasyon Chateaublond an. Nan tout pak la gen materyèl ki te la apre tout chanjman ki te vin genyen nan pwodiksyon kann nan, nan tout istwa Dayiti ; gen yon tren tou ki te pou HASCO (Konpani Sik Ayisyen-Ameriken). Yo itilize anplasman sa a pou òganize gwo evènman, bal ak lòt kalte. Menm si yo byen kenbe anplasman an, mwen ta byen renmen ke gen yon ti plis rekonesans pou kantite moun ke yo sakrifye pou pwodiksyon kann nan, nan listwa a ak kounye a. Anplasman konsan-menm jan ak ansyen plantasyon sid ameriken yo-gen tandans pou yo tounen sit nostaljik (san ke yo pat vle pètèt), olye ke yo sèvi temwen pou viktim plantasyon yo.


Klike anba a pou foto Kwadèbouke yo