NIP/LEYOGÀN, MIRAGWÀN, etc.

Mwen koupe depatman lwès lan paske li gen anpil tè istorik. Pou nou ka wè plis sit ki Pòtoprens, al gade nan seksyon Pòtoprens lan ak paj Kot dèzakaden yo. Mwen gen foto yon sèl vil ki nan depatman Nip lan paske li piti anpil, mwen mele yo ak foto lòt sit ki sou kot nò pati sid Ayiti a. Nan rejyon sa a, m’ap chache: kay Sudre Dartigenauve (Ansavo); Gwòt Anacoana (Grand Boucan seksyon nan Leyogàn); Fò Conmpon (Mòn Boutton ak Mòn Okap tou pre Leyogàn); Fò Leyogàn; Fò Littoral and Fòlibete—sof deja anba (Piti Gwav); Gwòt Séjourné (Baudin, Gran Gwav); Fò Malet, Fò Desbois, Fò Brea, Fò Reflechi—yon deja anba a (Mirogwan).


Klike pou foto Piti Gwav yo


Leyogàn

Foto sa yo se foto mwen pran lèm te fè yon ti vizit anvan tranbleman an (mwa Daou 2009). Nan foto yo nap jwenn: yon legliz ki bèl anpil, Meri a, kèk kanno ki nan wonpwen an. Mwen te anvi wè fò Ça ira a men mwen pat gen chans sa a; yo te dim ke lanmè a te pran rès konstriksyon an.


Miragwan

Miragwan se yon vil ki tou sèvi pò espesyalman pou moun ki pa anvi pase Pòtoprens yo, mete sou sa, li gen yon bèl topografi. Mitan vil la chita nan yon tè ki an fòm de yon bòl, anba kèk kolin ki rèd. Ou ka wè yon pwent vil la si wap gade sou tèt yon tap-tap ki kole ak Meri a nan premye foto a. Nan foto yo nap jwenn: Meri a, katedral ki sou « Place d’Armes » lan, avèk bèl pak ki sou tèt kolin nan vil Miragoâne nan; pak sa te konstwi sou tèt yon ansyen fò ke li vin fè parèt bèl. Mi pak lan gen sa yo rele kreno an ki se twou ki fèt pou met zam epi tire. Anndan pak la, gen yon estati ki dwòl ki gen plizyè kanno anndanl.