Kot dèzakaden

While most visitors head to the Cote des Arcadins for the beaches, there are a number of historically important sites within easy reach (more if you include heading to the Arcadins' northern tip: St Marc).  In this area, I'm looking for the following sites: anything interesting in Cazale's cemetery evoking the Polish soldiers in its revolutionary past (I've heard mixed reports)?


Klike anba a pou foto Lakayè yo ak kote li fèt ayisyen drapo


Fò Drouet ak Bitasyon Lamothe

Gras ak nouvo wout ki soti kabarè sou kot la pou rive La Chapèl nan plenn Latibonit lan, li vin lontan pi fasil pou w ale Fò Drouet ak Bitasyon Lamothe ki chita nan zòn Delices, sou mòn ki domine Kot Akaden yo. ISPAN byen make fò a, li mete gadyen pou li epi li ekri yon rapò sou li, pa twò lontan de sa (gade nan resous). Fò sa a se youn nan chenn Desalin te vle ki te anchennen tout montay peyi a, epi apèn si m te ka wè Fò Delpeche (gade pi ba a) ki nan Nò. Kleke sou lyen Kafe Kotad yo ki pi ba a pou w ka jwenn foto (ak tout yon atik detaye ke Barry Procter ekri) plis kafe ki nan zòn nan.


Fò Delpeche

Li pi fasil pou w al Fò Drouet ke Fò Delpeche ki chita nan Nò a li menm. Barry Procter te byen kontan pataje foto sa yo ki pi ba a. Kounya, pou w ta ale, fòw ta gen yon bon 4 x 4 oubyen pètèt yon moto-bourik ak moun a pye- ap fè sa byen tou. Barry te sipoze ke pou w soti sou gran wout la pouw al nan Fò a, ou tap fè dezèdtan sou wout ; difikilte pou moun ale fè ke li toujou an bòn eta.


Moulin sur Mer

Sou Kot Akaden an, nan Montrouis, Moulin sur mer se yon plaj epi se kote Le Musée Colonial Ogé Fombrun an chita. Yo mete sou plaj lan dekonb yon plantasyon kann (1750). Mize (Musée) a pran pifò plas nan kay prensipal la ki gen yon moulen sik sou kotel. Gen anpil bagay ki te la sou tan esklav yo ak lè revolisyon an.


Klike anba a pou foto kay kafe Kotad yo: Dion, Sabourin, Latour, LaSaline (tou foto yo pa Barry Procter).