SID-LÈS

Right now, this area is dominated by the biggest town in the département: Jacmel. Its architecture is famous, but its fortifications are also worth visiting. 

Nan rejyon sa a, m'ap chache: Moulen Price (Jakmel), Fò Cap Rouge and Fò Beliot (Jakmel), ak Gwòt yo Savane Dubois (Paredo).


La Petite Batterie

Batri sa a se li ki gadyen pati ès kot zile a epi map mande tèt mwen si gen yon lòt batri menm jan an sou lòt bò a. Li pat fasil menm pou w al kote sa (2007). Li dèyè yon teren foutbòl. Dèyè Kay Frè, vire sou lamen dwat ou nan rantre simityè a, apre sa vire sou men dwat ou bò pil fatra a (vreman). Yo repentire ansyen kanno yo sou sit sa a an ajan.


Fò Ogé

Yo rele fò sa konsa pou premye chanpyon-ak premye viktim-Revolisyon an, Vincent Ogé (youn nan premye konbatan pou respè dwa sitwayen yo pou moun ki nan menm kategori avèl: Nèg ki lib). Yo fè yon plas spesyal pou yo sonje li menm, Chavannes, Makandal ak Boukman sou Place d’Armes ki Okap Ayisyen. Wap pran 15 minit pou w rive nan Fò sa a, ki deyò Jakmèl, siw pran moto, epi inèdtan (1h) siw ale a pye. Foto sa yo te fèt pandan match foutbòl semèn nan.


Jakmèl Jeneral

Pifò foto sa yo te fèt nan lane 2007; tout anvan tranbleman an. Nan Foto yo nap jwen : Basen Ble, Otèl Florita, Palè Jistis, ak Manoir Alexandra. Otèl popilè sa a, ki fèmen kounya, te rele Otel Hadriana jiskaske lyezon ki te genyen avèk liv Dépestre la ki rele « Hadriana dans tous mes rêves » te fòse mèt Otèl la chanje non an. Mwen idantifye bilding ke mwen te rive idantifye yo. Depi trembleman tè a, ISPAN te fe anpil rapò yo Jakmel: voye # 10, #19, #20, #21, and #30.