SID

Mete sou bèlte san parèy li a, pati sidwès peyi gen anpil bèl sit istorik-soti nan ti mòn kokiyaj ki sou Île à Vache yo, pase nan fò ki nan mitan gòlf Senlwi di sid lan pou rive nan Fortresse des Platons ki byen wo sou tèt platon Okay la. Mete sou tout sa, zòn sa a gen anpil bèl gwòt ak kaskad dlo-men kèk foto la. Nan rejyon sa a, m’ap chache: La Batterie Saint-Eloi nan Pointe des Mangles (Senlwi di Sid); Fò sou tèt nan la Mòn-Wouj (Aken); Bitasyon yo: Raimond, Casamajor, Depas-Medina, Grande Colline, Colline à Magnon (Aken); Gwòt Marie Jeanne (Port à Piment); Gwòt Moreau (Pòsali); Camp Prou and Camp Boudet (Kanperen); Fò tou pre Cavaillon nan wout Bon à Dos.


Klike pou foto Okay yo, tout vil la ak anpil sit touristik ki sou tout platon an


Senlwi di Sid

Senlwi di Sid se yon trezò istorik nan sid peyi Dayiti ke moun yo pa apresye jan pou yo ta apresyel la. Mete sou douzèn kanno ki nan kare prensipal la, genyen yon demidouzèn fò ki tou pre. Li fasil pouw al nan Fò Olivier ki nan zòn lwès vil la, epi siw nan mitan vil la, wap ka wè ti bout tè ki pi rantre nan lanmè a e ki kouvri ak pye palmis lan. Ou ka al nan Fò Anglè a sou bato. Moun nan zòn nan dim ke te gen yon gwoup ki te vin fè yon sondaj sou sit istorik yo, e apre sa te gen yon atak ki fèt nan aswè sou zile a, epi gen yon elikoptè ki ale avèk yon kanon ki fèt ak bwonz. Mwen pat ka verifye si istwa yo a te vre men sa te fè yo yon ti jan pa kwè nan moun kap poze keksyon sou kanno yo. Pi deyò, sou fò Anglè, ou ka wè anplasman kote kanno yo te ye a, epi ou ka wè tou jan fò a rete janl te ye anvan an avèk menm achitekti a. Lè Revolisyon an, Anglè yo te panse ke yo tap rete e ke yo tap goumen pou yo kenbe Ayiti pou yo, espesyalman pati Sid ak pati Lwès peyi a. Gen yon moun ki dim ke yo te bati Fò Anglè nan lane 1611, men mwen menm mwen wè ke se te nan lane 1753. Mwen remèsye yon bon mesye ki moun Pòsali, Benoit Dikèlanj, ki te mache avèm jou sa. Bilten #15 ISPAN, gade sit la an detay avèk gwo desen ak istwa zòn nan.


Conoubwa ak So Matiren

Gwòt Conoubwa yo anfas rivyè ki soti nan zòn sid Kanperen an. Lèw fin janbe rivyè a, wap annik mache pandan 20 minit sèlman pouw rive nan gwòt yo. Lè mwen tal vizite, te gen yon gadyen (nou ka wè fotol la a) ki tap viv tou pre ki te mennen nou anndan an pou yon ti kòb. Gwòt la te byen pwoteje epi li te fèmen ak kadna, nan rantre sit la te gen ban pou gwoup elèv lekol ki vin vizite. Malgre tout pwoteksyon gwòt la te genyen, te gen grafiti sou mi yo epi tout bagay ke endyen yo te fè yo fin disparèt. Li fasil pou nou al So Matiren sou wout ant Kanperen ak Jeremi. Mwen menm mwen te soti Kanperen a pye, e se sèlman dezèdtan mwen te fè ap mache sim sonje byen, donk mwen pa kwè lap pran anpil tan sou machin.


Kan Jera

Sou wout ki sot Okay pou al Kanperen an, Kan Jera se kote te gen yon batay ki te enpòtan anpil lè Revolisyon an; li make sou yon plak ke yo mete nan lane 2006. Bò kot kadav fò a, gen plizyè konstriksyon : youn se dekonb, gen de (2) ke yo rekonstwi e ke yap itilize, epi yon founo ki fè cho anpil. Kounya, pwodiksyon tabak pran tout plas la nèt. Youn nan foto sa yo montre rantre yon tinèl ki long ki soti nan kay la anba yon wout sou plizyè kilomèt; li fini sou yon teren ki pa lwen. Kèk jèn gason nan vil la dim ke se te pou kolon yo te ka sove, men li gen anpil chans plonbri kolonyal. Mwen te wè youn ki te menm jan an nan Katye Moren, Okap Ayisyen, epi mwen te wè youn ki te lontan pi long sou plantasyon Laborde ki nan zòn Kanperen an (al sou paj Okay la).


Fortresse des Platons

Sa se yon bèl fò ak yon bon ti kote pouw flannen. Sou wout ki nan zòn sid Okay la, vire anndan sou Tòbèk ale sou Chantal ak Dussis epi Dubreuil, janbe rivyè a epi kontinye sou moto (siw kapab-gen yon moto bò rivyè a) pandan yon ti moman sou yon wout wòch jis lè moto a pa ka pase ankò (kote a rele La Pretre), apre sa wap mache pandan dezèdtan jiska dezèdtan edmi ( sa pral depann de konbyen fwa ou kanpe pou w bwè dlo kokoye). Li bèl anpil pou w gade vale a ak kot la epi Île-à-Vache ; yo te byen fèt fè fò a la. Fò a kouvri ak kilti rezen men toujou genyen 3 kanno, yon kote yo te konn fè poud pou kanno yo, kav jeneral Geffrard lan, ak yon tinèl ki anba fò a (anba tè a).


Ile-à-Vache

Ti pil kokiyaj ki la depi sou epòk endyen yo. Se Clark Moore ki te dim al wèl. Preske 8 pye nan wotè ak yon sifas de 400 pye kare. Yo kòmanse retire  kokiyaj sa yo pou yo fè dekorasyon, bijou etc. Avèk tout chanjman kap fèt sou zile a (nouvo ayopò, nouvo otèl), map mande tèt mwen si yap pwoteje bèl sit sa a. Gen kèk bagay ke endyen yo te fè ki bò lanmè a ki frajil tou.