SANT

Isit, m'ap chache: Bassin Zim ak lot gwot yo (Ench); Gwòt yo nan Belladè.


Fò Anglè, Mibalè

Fò sa bò kote lekòl Jean Philippe nan pati ès vil la sou yon ti mòn. Anglè yo te okipe vil la epi tou yo te kenbel kout ; tout sa pou yo te ka pran tout Latibonit lan depi la jouk rive Senmak. Menmsi mòn kote fò an ye a tou piti, li domine tout platon ki sèkel la ; li vin fasil pou wè tout platon an nèt. Koulè ble e blan ki nan mòn nan se temwen de adorasyon ke Katolik ki vin priye souvan yo fè pou Lavyèj Mari.


Sodo (Vil kè kontan)

Sodo andedan Vil kè kontan, chita bò kot vil Mibalè an sou tèt mòn wout ki antre Mibalè ak Pon Sonde/Senmak. Chak 16 Jiyè, se gwo fèt ki genyen nan Sodo. Fèt la dire plizyè jou epi gen anpil moun ki vin fè foto. Sit touristik sa a yon ti jan byen pwoteje avek yon baryè epi twotwa ak eskalye an beton ki mennen jis anba, nan kaskad dlo a. Pouw ka rantre, fòk ou bay yon ti kòb devan baryè a. Nan yon foto, gen yon mesye ki chita nan mitan yon pakèt vye rad ke sèvitè yo jete. Te gen moun ki tap fè pèlerinaj nan kaskad dlo a, men li pat fè bèl pou yon moun fè foto yon bagay ki sakre e ki pèsonèl konsa…