VERÈT/DESCHAPELLES

Ti Moulin Kann

Ou ka wè listwa Latibonit la nan sa ki gen rapò ak kiltivasyon sik, akoz debri ak moulen ki egziste toujou. Mwen te wè anpil gwo operasyon nan lavale Sen Mak. Ti moulen sa a, nan nò wout la ant Deschapelles ak Vèrèt, te toujou fè yon siro byen pike, ke nou ka jwenn nan boutèy Babankou yo, lè mwen te vizite an 2008. Mèt moulen an te di ke estrikti sa a te nan fanmi an depi lane 1700 yo. Yo fèl fonksyone avèk bèt fanmi an. Menm si gen kèk nan bwa yo ki te tou nèf, te gen lòt bwa tou ki te parèt ansyen anpil. Dènye foto yo se foto lòt ti moulen ki tou pre. Prèske tout sit sa yo te gen gwo bòl an fè ke yo te ka petèt pran nan anyen bitasyon kolonyal yo—eske gen moun ki konnen ?


Deschapelles

Deschapelles chita sou teren lopital Albert Schweitzer (sou wout ki soti Pon Sonde pou rive Mibalè), debri moulen sa a, ansanm avèk kondui dlo ki fèt an fòm yon pon (akedik) gen depandans ki pi piti ak pi piti rès fondasyon ki antoure li (gen yon ti bilding ki sou  bò dwat akedik la ki kouvri nèt ak pye rezen ; mwen te ka fè zan map mache bò kote l’ san mwen pa janm wè l’ ...). 2 dènye foto yo se foto debri ki sou bò sid wout la ant Deschapelles ak Vèrèt, epi ka yon depandans ki te pou gwo plantasyon ki toujou gen rès li nan Deschapelles. Pou yon rezon kèlkonk, bilding lan piti, li laj epi li plen ak pye bannann. 


Akedik Belanger

Se apèn si ou ka wè akedik sa ki te klere tankou lò pa lòt bò jaden diri ki sou bò sid wout la ant Liancourt ak Vèrèt, tou pre Belanger (dapre nòt mwen yo). Li sou bò lwès kanal la. Anplis de debri wòch yo ak bèl sous dlo ki te gen la, te genyen tou debri ansyen machin ki fin rouye. Menm si yo te wouze tout lavale Latibonit, sanble te gen yon sous dlo ki tap bouyi lòt bò a.