Sant Vil Okay

Kèk foto zòn ki pi ansyen nan vil la ak  foto plas principal la--Place d’Armes—epi tou foto estati Geffra a. Sanble ke yo entere kò li nan Fortresse des Platons ( gad galeri sa), epi yo entere kè li anba pyebwa libète a nan ti kare ki la a. Gen yon kat 1857 la a. Yon kat 1786 disponib la a. Yon kat 1803 ke yon general franse, Brunet, te fè, baze sou defans ak pozisyon “ brigan” ( se yo ki pral tounen ayisyen ki gen laviktwa).


Fò Ilet ak La Tourterelle 

Plizyè nan fò ki te bò lanmè Ayiti yo pa la anko. Fò Ilet ak La Tourterelle anba lanmè kounya. Lè lanmè a pa twò dechennen, m kwè ke nou ka wè kanno yo anba dlo a. Mwen ta byen renmen plonje poum al vizite li. Moun ki abite nan zòn nan jwenn kanno ak boulèt kanno yo. Kat ki nan galeri sa a, montre nou fòtifikasyon yo pi byen. 


Laval

Laval mwen mete lespwa mwen sou ansyen nòt pou kote ki nan rich plenn Okay lan, men Brian Oakes te ede anpil nan chèche non moun ak non zòn ansanm ak pozisyon yo. Mwen te itilize èd li, poum fè yon kat jeyografik nan pati ki anba paj la (mwen divizel an de pati : yon mwatye nò ak yon mwatye sid paske mwen pat gen anpil espas). Tout erè ki genyen se mwen ki fè yo, epi mwen ta byen renmen plis koreksyon. Premye kote yo ki nan Laval te fèt nan ane sa yo, men kote ki pi ansyen yo vizib toujou. Nan nòt mwen yo, li rele Picot nan Laval, men plantasyon Picot an te yon kote ki apa, se pousa mwen pa vrèman konnen nan ki batiman li ye. Ou ka wè Laval ak Picot (ak Ti Picot) make aklè sou kote Ravin du Sud nan kat jeyografik 1786 sa a. Moun ke mwen rankontre yo rele dezyèm sit la Laval tou, men yo te konnen zòn nan sou non Zòn Aga.


Bitasyon Laborde

Plantasyon Laborde te sipoze youn nan pi gwo plantasyon nan zòn Okay la. Rès plantasyon an ki kanpe toujou an, rete sou bò lwès wout ki soti nan Kanperen pou rive Okay, nan lekòl pwojè agwonomi a, dèyè gwo legliz Katolik la. Yo te fouye tinèl la sou yon bon distans nan yon sèl sans, men yo pat janm fouyel nan lòt sans lan (pandan vizit mwen an 2007). Te gen yon bèl rezèvwa ki yo te fouye, men kamera mwen te dichaj e sèl foto ke mwen pran pat byen fèt. Ale wè li ou menm, epi voye foto pou mwen tanpri!


Zòn kraze ayewopò Okay 

Li fasil pou rive nan sit sa yo lèw soti nan ayewopò a. Premye a se baraj ki nan nò ayewopò a. Mwen wè li yon premye fwa pandan map kite Okay, epi mwen jwenn li ankò lèm te retounen pou yon vizit. Gen kèk ti depandans, tankou kizin, garaj…tou pre li; li gen yon bèl longè. Moun nan lokalite yo bay li non "Mezy". Mwen kwè ke se yon pati nan tè “Comte de Mercy” an ki nan kat jeyografik 1786 sa a (nan kadran ki a lès Ravine du Sud, anba plantasyon Laborde). Dezyèm sit la nan Sid ayopò a, sou pati lwès wout la nan yon entèseksyon. Li sanbe plantasyon “Cambry” nan kat ki pi wo a, men Brian Oakes panse ke se moulen Laval la. Map byen kontan resevwa lòt pwopozisyon.


Prezidan Simon

Zòn sa a konsantre sou zòn bò kay Prezidan Simon an ak simityè fanmi a, dènye kote sa a nan Fon Fred (Fonfrede la nan kat jeyografik 1786 la). Chemine a sou bò lwès wout la bò yon jaden vetivè jis anvan wonpwenn le nap antre nan vil la. Nou te rantre tousuit apre wonpwen an, nou rantre nan yon wout bò chemine a, ki te gen travay original ki fèt ak siman sou li. Tou pre an te gen kèk moso brik ak kèk detay ki enteresan. Akote an te gen kay Prezidan Simon, li kraze men li gen kèk detay ki enteresan, espesyalman mozayik la. Karo tè fanmi an yon ti kal pi lwen legliz Fon Fred la. Picot, Laval, Fon Fred, ak zòn ayewopò a plen ak ansyen simityè ki merite atansyon. Simon te antere nan sant la, ki te antoure ak ansyen epi nouvo tonm. Kav Simon an te gen yon plak mab ki gwo anpil.


Bitasyon Pemerle

Sou plak bitasyon Pemerle ki te soti nan lane 2006, yo ekri ke se te kay youn nan konbatan ki pi enpòtan nan Revolisyon an, Martial Pemerle. Sit istorik sa a tou pre Camp Gérard e li gen strikti yon gwo kay won doub: kontrèman ak tout sa mwen te wè an Ayiti deja.


Kay Bourjoly/Borgella

Nan nòt mwen yo, yo te rele sit sa a Bourjoly nan Picot, men sòf si yo te virem nèt ( sa ki posib), mwen sonje ke li te pi pre zòn ki rele Picault sou kat sa a, pa Bourjoly (nan Sid ayewopò a kounye a). Te gen yon bèl wout ki gen pyebwa aliyen sou de bò l’ monte soti nan wout prensipal la, ak anpil ansyen konstriksyon ki fin kraze, te gen ladan yo étuves ak kèk detay ki enteresan tankou dal sa a ki gen fòm yon kanno. Menm si se yon bèl detay li ye, li te montre tout vyolans ki te nan baz sistèm plantasyon an.


An jeneral plenn Okay

Sa a se yon galerifoto ki montre divès kalite sit e li sèlman demontre richès ki genyen nan materyèl istorik plenn Okay lan. Premye sit la—an brik—te tou pre Fon Fred e yo te dim li te tankou Kaliko; petèt te gen plis nan masonnri sa a, men yo te di mwen ke yo te kraze li pou yo ka pran materyo yo. Lòt sit yo, nan Beraud ak du Rocher (Diroché) parèt trè klè nan kat jeyografik 1786 la tou. Yon sit enteresan, 2em sit nan Diroché, gen yon sòt de adosman dwòl. Sit Bois Landry a gen brik ak wòch sou pasaj la, yon chemine, ak prèv key yo reitilize sit la nan pita (yon sitèn siman, elatriye).   Yo tap ititlize sit Kakonde a (Se li ki Kay Conde?) epi yo te netwaye debri yo.

 Nan Nòt ki anba kat la: Gen kèk nan sit sa yo ki san fot, gen kèk ki apwoksimatif. Anpil nan referans kote sa yo, se Brian Oakes ki ban mwen yo-tout erè sa yo se mwen ki fè yo. Nan kèk ka, Oakes te bay non plantasyon original la, men mwen fe foto debri ki tou pre yo. Malerezman, tout foto yo te pran san GPS. Nan sid kat la, gen kote ki plis apwoksimatif, ak kèk ke mwen te eseye jwenn konsa konsa. Nenpòt moun kap soti, kap chèche sit sa yo an patikilye, lap jwenn èd nan deskripsyon ak foto, men yo ta dwe jwenn lòt sit ki enteresan tou.