MILO
Palè Sans Souci
Palè Sans Souci a chita nan pati sid vil Milo a. Gen anpil enfòmasyon sou sit istorik sa yo sou entènèt la, se pou sa mwen pat twò vle rete anpil sou Milo, men Curtis Rogers tèlman voye bèl foto pou mwen ke mwen pat ka pa mete yo la. Pifò foto yo se li ki fè yo, avèk kèk foto ke m’ fè.
Gen anpil rapò ISPAN yo sou Sitadèl an ak Sans Souci, men pi bon sou palè se: #2, #11, #18, #24, #30, ak rapò espesyal ak World Monuments fund (Oct. 2011).























Sitadèl Laferrière (Laferyè)
La ankò, Curtis Rogers voye anpil bèl foto pou mwen (mwen ajoute kèk foto pa m’ tou). Tout foto Sans Souci ke li fè yo pi resan ke pa m’ yo (epi pifò pi bèl tou…). Depi kèk lane, ISPAN avèk UNESCO fè soti yon bèl liv/magazin ke nou konn jwenn sou tab kote yo sèvi kafe yo, sou Sitadèl la ; liv la detaye istwa Sitadèl la ak travay reparasyon yap fè ladann etc. Sa ki te pi enteresem yo, se te tout istwa ki te genyen sou Kanno an bronz yo. Si w ka jwenn liv sa a (nan lang Franse, Angle, Espanyol) lap bon anpil. Genyen anpil rapò nan Sitadèl: #3, #8, #11, #14, #23, #24, #28, #29 (Ramiers), #35 (renovasyon dènye).




























































Milo melanje
Brian Averill te pataje foto tinèl/rezo idwolik sa a ki chita bò pilye sa a (poto) ki nan Milo. M’ kwè yo te di Brian ke sa yo se te kèk pati nan tinèl ke Chirstophe tap eseye fè, soti Okap pou rive Milo. Mwen ta byen renmen jwenn enfòmasyon pi plis toujou avèk plis foto Milo ; mwen gen asirans ke gen kèk bèl bagay kap enteresan.
Tout foto ki nan album sa a se Curtis Rogers ki voye yo. Rapò #16 ISPAN an se yon bèl ti istwa sou fò yo ak


