MACHAN-DESALIN
Ewo Revolisyonè ki rele Jean-Jacques Dessalines nan te gen pwojè fe bitasyon Machan tounen nouvo kapital peyi a. Vil Machan Desalin nan merite plis touris istorik. Li gen yon demi-douzèn fò ki antoure li, li gen yon fontèn(sous dlo) ke yo admire anpil ak kèk achitekti ki gen anpil enpòtans istorik. Tout 6 fò yo gen foto yo la. Move tan pa kitem rive Fò Fin-du-Monde ak Fò Libète (malgre sa, mwen te pran foto yo chak de lwen). Inyorans fèm pa rive nan Fò (ak Sous) Culbute (men yon fanatik te voye kèk foto anba a—mwen tap kontan jwenn foto Fò Fin-du-Monde tou). ISPAN te fè yon bèl rapò (# 3) sou tout fò ki nan Machan Desalin yo nan lane 2009. Nou ka wè tout bilten yo isit la.
Machan-Desalin jeneral
Galrifoto sa a gen ladann kèk bèl ansyen achitekti nasyonal, ki gen ladann kay Madan Desalin, Claire Heureuse.
Fò Culbuté/Sous Culbuté
Debri fò a nan alantou Sous culbuté, yon sous dlo ke yo itilize pou bwè dlo epi pou yo fè pèlerinaj. Foto yo ki nan galri sa a se Barry Proctor ki pran yo e ki pataje yo avèm. Pami tout sit ki nan vil la, sit sa a, se li ki pi fasil pou ale ladann epi li chita nan kwen lwès la.
















Fò Décidé
Se fò ki pi aksesib nan tout fò ki sou mòn yo, epi li chita nan sidès Fò Madanm, abitan zòn nan ke mwen te rankontre yo rele l’ Fò Jedi. Fò a gen yon « prou » (devan bato yo ki anlè lanmè a) ki sanble pa Sitadèl Laferyè a ki nan Milo. Pou plis enfòmasyon sou kalite konstriksyon sa a, gade isit la. Te gen yon kantite kanno la, yon ansyen depo zam, epi te gen yon kantite kou enfòmèl ke yo tap bay pandan vizit mwen an.




Fò Madanm
Ni andedan, ni deyò Fò sa a ki chita sou yon mòn nan mitan Fò Innocent ak Fò Deside, bèl anpil, epi m’ap poze tèt mwen kesyon si se pou Claire-Heureuse, madanm Desalin nan, ki fè yo te rele l’ konsa. Moun ke mwen te rankontre pandan vizit mwen an te rele l’ Fò Lendi tou.
Fò Doko
Fò sa a byen anfòm epi li gen yon kantite kanno anndan l’. Lap gade Fò Innocent ki anba li, epi Fò Fin du Monde chita sou ti mòn ki dèyè l’ la.
Fò Innocent
Kèk moun ke mwen te rankontre te rele l’ Fò Libète. M’ap poze tèt mwen kesyon si se pa menm fò sa a key o rele Fò Ecrasé (pou de rezon ki evidan) nan maniskri la Selve la. Al gade afich sa a ke David Lyalls mete pou tradiksyon de vizit alantou Ayiti ke pwofesè Ayisyen Edgar La Selve te fè nan lane 1871 (gen sèlman yon foto pi ba a, pa gen galrifoto).
Fò Fin-Du-Monde
Fò sa a se li ki pi lwen de vil la, dèyè Fò Doko ak Fò Innocent. Mwen pa t’ janm gen tan rive ladann akòz yon tanpèt (kidonk pa genyen okenn galerifoto la a), men mwen ta renmen jwenn foto nan men moun ki te vizite yo.