FÒ LIBÈTE

Fò Sen Frédérik ak Sen Chal

De (2) ti fò tou piti sa yo chita nan zòn ès kot Fò Libète a. Ant Fò Libète/Dofen ak Labouk.


Fò Labouk

Fò Labouk chita nan zòn ès ti wout kwense pou rantre Fò Libète a. Gen yon poudriyè ki prèske tou nèf sou wout la soti nan lanmè a pou rive nan Fò a-ak tout yon kanno ki antere nan wòch yo ( kat (4) premye foto yo). Mete sou bilding ki an fòm poudriyè ki nan mi fò a, fò a gen yon fòm won sou andedan ki vin fè tankou yon tinèl sou tout arebò lakou a. Li tankou andedan Fortresse des Platons ki an fòm tinèl, so tèt Okay, menm si premye a se Franse yo ki te fèl nan lanmè epi lòt la se Ayisyen ki te fèl nan mòn yo.


Fò Libète (Fò Dofen)

Fò Libète, ki tou bay vil la non li, gen yon istwa ke yo rakonte tankou yon lejand ; yo te rele l Fò Dofen pou eritye wa Franse a. Ou ka al nan fò a a pye lèw kite vil la, epi gen chanm ki gwo anpil tankou chanm ke nou wè la yo nan tout fò a ak tout yon bèl poudriyè. Te gen siy ke yo tap rekonstwi fò a sou deyò ak sou anndan. Twa (3) dènye foto yo se Curtis Rogers ki fè yo.