FÒ YO NAN OKAP

Batri Etienne Magny (anvan se Batri Gris-gris)

Fò Etienne Magny (nan nò katye Karenaj la) jwenn non li nan youn nan jeneral Christophe yo ki bay fò a non li; li te youn nan moun ki te siyen konstitisyon 1811 lan. Li se premye pami twa (3) fò ki nan zòn sa a nan Okap. Genyen petèt 8 ou plis kanno ke yo mete an fòm de won nan Fò Magny. Mwen ta byen kontan jwenn nenpòt ki analiz sou siyifikasyon sa ki grave sou kanno yo. Tout foto sa yo se foto Curtis Rogers (paske pal yo pi bon anpil ke pam yo-epi yo pi resan).


Fò Sen Jozèf

Fò Sen Jozèf se 2ème pami twa (3) enstalasyon militè ki sou wout la nan nò vil Okap la (apre Karenaj). Tout foto yo se yon brasaj ant foto Stephanie Curci yo ak foto Curtis Rogers.


Fò Picolet

Fò Picolet se 3ème pami 3 fò ki nan nò katye Karenaj la nan vil Okap la ; se li ki pi gwo tou nan yo tout. Gwo wout la tounen yon ti chemen ki pase Plaj Rival, apre sa li kontinye poul vin fèt an fòm eskalye ki taye nan wout la lèw pral nan fò a. Pifò foto sa yo se Curtis Rogers ki pran yo paske l’al vizite fò a pa gen twò lontan, epi li vizite tout rakwen fò a (foto li yo pi bon). Mwen te vin enterese de anplasman sa a, espesyalman pandan mwen te la yon lè pou preparasyon yon fèt ; mwen sezi pou jan yo reitilize, pou jan yo adapte sit istorik sa yo ak lavi yo.  Rapò ISPAN #23 konsantre nan Picolet  men montre tou fò Okap yo.