Plantasyon kafe Kotad

Plantasyon kafe Kotad gen 4 bitasyon youn bòkote lòt nan Kotad lèw fin pase Chaîne des Matheux, ki tou pre bitasyon Lamòt ak Fò Dwèt (anba fò a). Tout bitasyon yo sou menm wout ki soti Kabarè ale Lachapèl nan vale Latibonit la. Mwen wè Lasalin ak yon pati Dyon lè mwen tap vizite Fò Dwèt a, men akòz solèy la tap kouche epi tou akòz yon pán kawoutchou moto, mwen pat ka vizite tout zòn nan byen. Barry Procter te byen kontan bay foto 4 sit touristik sa yo.  Nap jwenn plis enfomasyon sou vizit la nan adrès sa. Konsilte gwo rapò # 18 ISPAN sou sit yo; nap jwenn sit yo tou nan # 4, # 16, ak kèk lòt tou. Youn nan gwo detay wap jwenn sou sit touristik sa yo, se yon wòch spesyal nan Lasalin ki ekri: “FDT Lasalin” , epi “ 31 Dawou 1791” yon dat ke yo ekri sèlman 2 semèn apre revolisyon an te kòmanse nan nò Bwa Kayiman. Sa montre ke nouvèl te gaye dousman oubyen jan franse yo te gen anpil ògèy.


Bitasyon Latour


Bitasyon Dion


Bitasyon Sabourin


Bitasyon Lasaline